Klète solèy yon prezantasyon travay Mark Fleuridor

Òganizatè: Derrick Adams ak Luisa Múnera
Espozisyon: 29 septanm – 10 desanm 2022
YoungArts Gallery | 2100 Biscayne Blvd., Miami

De mo sou Klète solèy

Mark Fleuridor fèt Miami, mòd atizay li pratike a pran fòm nan jan misye toujou ap chache konnen istwa pèsonèl li pi plis ki makònen ak orijin li kòm Ayisyen. Enspirasyon Fleuridor soti ni nan zansèt li yo ni nan lanati rejyon pi ba twopik yo, sa fè l sèvi ak fotografi pou li kreye divès rekonstriksyon ki fèt ak plizyè kouch pou l reprezante fanmi, zanmi, espas anndan kay, ak plant twopikal ki parèt sou fòm yon nouvo anviwònman nèt.

Premye gwoup travay Fleuridor fè yo santre sou yon reprezantasyon prensipal dominan kote yo kouvri anba plizyè fòm ki fè moun sonje yon peyizaj chaje ak tout kalite bèl plant. Dènye gwoup travay li yo montre yon devlopman klè nan jan li enterese pi plis nan lanati, pandan li vin enterese mwens nan eleman senbolik dominan pou li rive bay entèpretasyon abstrè solèy la, destriksyon, epi nouvo nesans.

Gen yon tèm ki toujou parèt nan tout pòtre abstrè Fleuridor fè yo ak anviwònman natirèl san limit li yo: etap lavi a. Tout etap lavi moun pase anba yon analiz nan yon seri konsiderasyon fon sou jan jenerasyon ansyen yo konekte ak nouvo jenerasyon yo, sou fanmi, sou esperyans chak fanmi viv, epi yo vin gen sans pa mwayen diferan matyè tankou, kouti kouvreli ki fèt ak tout kalite retay twal, kolaj, akwarèl. Sa a souliyen ak istwa chak etap lavi nan anviwònman lanati yo ki konekte youn ak lòt epi sa kreye finalman yon travay byen kowòdone apati fòm li bay kèk bagay ak abstraksyon mache youn akote lòt.

Seri 1

“Flè nan travay atistik mwen yo fè referans a fèy mango. Mwen itilize fwi ak fèy mango pou reprezante diferan etap plant an relasyon ak diferan etap lavi a. Ide sa a soti nan on pwezi mwen te ekri sou jan anpil nan memwa mwen yo genyen lyen ak klima Miami an oubyen nan ki pati nan sezon mango li te ye. Mwen sonje pandan m t ap grandi Miami te gen yon pakèt fwi ak legim nan lakou lakay mwen, paran m te sèvi ak yo pou fè manje epi pou fè remèd.

Chak pyès travay nan seri sa a baze sou ide ak sèn byen espesifik mwen genyen nan memwa mwen. Paregzanp, pyès atistik ki gen tit “A place to leave, A place to return,” (Yon kote pou w kite, yon kote pou w tounen) an, montre kolaj foto paran m devan lakay yo ki poze pou fè foto pandan y ap wouze pwa papa m te plante. Tit la tankou yon devinèt. “Yon kote pou w kite, yon kote pou w tounen” pale de esperyans pa m mwen fè de sa ki rele lakay. Se yon kote mwen toujou vle pati kite lè mwen la, men mwen vle tounen ladan l lè m pati.” -Mark Fleuridor

 

A place to Leave, A place to Return, 2022
A place to Leave, A place to Return, 2022
Kolaj, lakòl achiv ak lank
Framed dimensions: 52” x 66 ½”

 

Rest Before Rest, 2022
Rest Before Rest, 2022
Lank, lakòl achiv ak kolaj sou papye
Framed dimensions: 51” x 66 ½”

 

Take Care, 2022
Take Care, 2022
Kolaj, lakòl achiv ak lank
Framed dimensions: 65” x 58”

 

After the Storm, 2022
After the Storm, 2022
Lank, lakòl achiv ak kolaj sou papye
Framed dimensions: 32” x 28 ½”

 

A Sunny Mother's Day, 2022, by Mark Fleuridor
A Sunny Mother’s Day, 2022
Kolaj, lakòl achiv ak lank
Framed dimensions: 59 ½” x 53”

 

Breeze, 2022, by Mark Fleuridor
Breeze, 2022
Lank, lakòl achiv ak kolaj sou papye
18” x 24”

 

 

Papa's Boy, 2022, by Mark Fleuridor
Papa’s Boy, 2022
Kolaj
17 ¾ x 28 ¾

 

Little Prayer, 2022, by Mark Fleuridor
Little Prayer, 2022
Kolaj
17” x 23 ¼”

 

Seri 2

“Seri ki gen tit ‘Enveloped by the Sun’ (‘Solèy vlope mwen’) se yon seri pòtre nan yon melanj mòd atizay, pòtre yo fèt ak materyo tankou lank, payèt klere ak kolaj sou papye akwarèl enprime. Seri sa a prezante plizyè moun ki nan yon anviwònman ki plen solèy toupatou kote se solèy la ki kenbe yo e pwoteje yo. Travay sa a se yon apresyasyon pou sila yo ki ban m enspirasyon, tankou moun nan fanmi m ak moun nan kominote mwen. Seri a mete fèy mango nan yon seri koulè cho pou konpare diferan etap ki genyen nan on sezon mango ak diferan etapa lavi a.” -Mark Fleuridor

Enveloped by the Sun #2 (Grandma Luce), 2021
Enveloped by the Sun #2 (Grandma Luce), 2021
Akrilik, kolaj ak payèt sou papye enprime
49” x 53”

 

Enveloped by the Sun #8 (Josie and Joana), 2021
Akrilik, kolaj ak payèt sou papye enprime
54” x 46”

 

Enveloped by the Sun #9 (Destiny), 2021, by Mark Fleuridor
Enveloped by the Sun #9 (Destiny), 2021
Lank, lakòl achiv ak payèt sou papye enprime
Framed dimensions: 46 1⁄2” x 43”

 

Enveloped by the Sun #10 (Dad), 2022
Enveloped by the Sun #10 (Dad), 2022
Akrilik, kolaj ak payèt sou papye enprime
44” x 57”

 

1st Sunday 1/10, 2021
Yon sèl enpresyon sou koton kole sou papye
Framed dimensions: 19” x 21”

 

1st Sunday 2/10, 2021, by Mark Fleuridor
1st Sunday 2/10, 2021
Yon sèl enpresyon sou koton kole sou papye
Framed dimensions: 19” x 21”

 

1st Sunday 8/10, 2021, by Mark Fleuridor
1st Sunday 8/10, 2021
Yon sèl enpresyon sou koton kole sou papye
Framed dimensions: 19” x 21”

 

1st Sunday 9/10, 2021, by Mark Fleuridor
1st Sunday 9/10, 2021
Yon sèl enpresyon sou koton kole sou papye
Framed dimensions: 19” x 21”

 

Papaya 1/5, 2021, by Mark Fleuridor
Papaya 1/5, 2021
Yon sèl enpresyon sou koton kole sou papye
~11″ x 17 ½”

 

Papaya 2/5, 2021, by Mark Fleuridor
Papaya 2/5, 2021
Yon sèl enpresyon sou koton kole sou papye
~11″ x 17 ½ “

 

Papaya 3/5, 2021, by Mark Fleuridor
Papaya 3/5, 2021
Yon sèl enpresyon sou koton kole sou papye
~11″ x 17 ½ “

 

Seri 3

Premye travay ki nan espozisyon an se yon koleksyon kouvreli, sa ki an premye yo fèt an 2008. Mark sèvi ak foto ki soti nan ansyen albòm fanmi an kòm enspirasyon ak sous materyo pou kouvreli yo. Apre sa li seleksyone plizyè pòsyon nan foto sa yo ki montre lavi toulejou epi li kreye yon rekonstriksyon moman sa yo. Ata nan premye travay sa yo, genyen prezans lavi plant, genyen mango ak fèy nan fon an oubyen yo parèt tankou chema.

 

All of Us, 2020, by Mark Fleuridor
All of Us, 2020
Kouvreli ki fèt ak plizyè ti moso twal tout kalite
60” x 60”

 

Adventures of Mako #2, 2020, by Mark Fleuridor
Adventures of Mako #2, 2020
Kouvreli ki fèt ak plizyè ti moso twal tout kalite
40″ x 40″

 

Saturday Massage, Channel 45 Time and Lwil Maskriti, 2018, by Mark Fleuridor
Saturday Massage, Channel 45 Time and Lwil Maskriti, 2018
Kouvreli ki fèt ak plizyè ti moso twal tout kalite
27 ½” x 41”

 

Papi Iron My Clothes, Papi Let’s Go to Church, Papi Pa Fem Wont, 2020
Kouti ala men, Kouti ki fèt ak plizyè ti moso twal tout kalite, ak kolaj sou koton
53” x 53”

 

In Her Eyes, 2014, by Mark Fleuridor
In Her Eyes, 2014
Watercolor on paper
Framed dimensions: 17” x 23″

 

De mo sou Mark Fleuridor

Mark Fleuridor fèt Miami epi li grandi Miami. Atis sa a travay ak penti, ak kouvreli ki fèt ak tout kalite retay twal epi ak kolaj pou li egzaminen esperyans pèsonèl li ak esperyans familyal li. Se on bagay ki enpòtan pou Fleuridor pou li konprann fanmi li pandan l ap detaye sa ki nan memwa pa li ak istwa fanmi li atravè pwosesis travay atizay li. Lè Fleuridor ap travay ak men li epi sou òdinatè avèk materyo ki fè referans a fanmi li, sa ede l konprann kominote pa li a. Fleuridor gen tan konplete kèk rezidans atis tankou Vermont Studio Center nan Eta Vermont epi Oxbow Artist Residency nan Eta Michigan, epi kounye a li ap patisipe nan pwogram Oolite Arts Studio Residency Program, nan Miami Beach, FL.

De mo sou Derrick Adams

Derrick Adams se yon atis Nouyòk ki travay divès mòd atizay, li fèt an 1970 nan Eta Baltimore, MD. Misye egzaminen konstriksyon rasyal nan mitan anviwònman ki konstwi nan vil oz Etazini. Adams resevwa Metriz Beaux-Arts li nan Columbia University Nouyòk, e li pran Lisans Beaux-Arts li nan Pratt Institute Bouklin. Li se yon ansyen etidyan lekòl penti ak eskilti Skowhegan School of Painting and Sculpture ak pwogram estidyo Marie Walsh Sharpe Foundation’s Studio Program.

Adams se resipyan yon pwogram rezidans Robert Rauschenberg Foundation Residency (2019), yon envitasyon kòm manm nan Gordon Parks Foundation Fellowship (2018), li resevwa yon prim atis nan Studio Museum Joyce Alexander Wein Artist Prize (2016), epi yon prim Louis Comfort Tiffany Award (2009).

Gras a kèk enstalasyon a gran echèl ki enplike e afekte espektatè dirèkteman epi gras a kolaj ak tablo ki pi entim, Adams kreye kèk pòtre ki pa konvansyonèl konsènan sosyete a e travay sa yo fè antouraj pa anndan ak antouraj pa deyò l ap pentire yo vin fè yon sèl. Pòtre li fè yo byen detaye sa l ap fè yo epi yo vibran, yo montre kokennchenn bèlte ak pouvwa ki genyen nan lwazi ak kè kontan moun nwa. Tablo Adams yo se reprezantasyon yon sèten epòk pandan yon bon bout tan ki pa enkli senbòl istorik e kontanporen otonomi moun nwa epi li itilize kèk byen materyèl pou pwojte yon avni kote va gen plis mobilite, otonomi ak libète.

Adams pran pa nan plizyè espozisyon kote se li ki te sèl atis, tankou “Our Time Together (2021)” nan mizeda Milwaukee Art Museum; “LOOKS (2022) nan mizeda The Cleveland Museum of Art, Cleveland; “The Last Resort (2021)” nan galri Rhona Hoffman Gallery, Chicago; “Style Variations (2021)” nan Salon 94, New York; “Buoyant (2020)” nan mize Hudson River Museum, Yonkers, Nouyòk; epi “Transformers (2020)” nan Luxembourg & Dayan, Alonn.

Travay li rete nan plizyè koleksyon pèmanan nan mizeda The Metropolitan Museum of Art, nan mize The Studio Museum, Harlem, nan mizeda Whitney Museum of American Art, nan mize Beaux-Arts Virginia Museum of Fine Arts, epi nan mize Beaux-Arts Birmingham Museum of Art.

De mo sou Luisa Múnera

Luisa Múnera manzè ap travay nan òganizasyon YoungArts depi 2014 e kounye a li sèvi kòm Konsèvatè Asosye ki òganize espozisyon. Antan Konsèvatè Asosye, Múnera konn travay ansanm ak konsèvatè tankou Derrick Adams, Robert Chambers, Deanna Haggag, Maritza Lacayo ak Jasmine Wahi pou kreye espozisyon ki varye ant divès mòd atizay, divès jenerasyon ak divès tèm prezantasyon. Múnera konn òganize espozisyon an gwoup nan galri YoungArts Gallery, nan The Kennedy Center ak nan Depatman Edikasyon Etazini epi li konn òganize espozisyon vityèl tou. Li resevwa Lisans Beaux-Arts li (BFA) nan Pratt Institute ak Metriz li an Syans (MS) nan Parsons School of Design, The New School.